Pwomès te parèt tankou yon kout zeklè nan lane 2014. Yon bann pwezi ki makonnen youn lòt pou voye yon ti bo lala bay lavi. Karese renmen epi bay konsyans de tap pou l tchoule kò l pou jenn fanm pouse zèl. Pou jenn fanm make teritwa rèv pou move lang pa detenn sou yo.
Menm mouche Lyonel Trouillot pa t mache mo l lè l di < Powèm sa yo pou tout fanm ki pote demen yo nan men yo, nan lesperans y’ap janbe tout baryè, tout pyèj yo tann pou yo> nan pawòl li te deside ekri pou mande eskiz bay moun li dedye powèm damou li yo. Pou powèt la, lè ou dedye yon powèm damou, se yon omaj ki dwe mande destinatè powèm nan eskiz anmenmtan paske sèl sètitid ou kapab genyen se verite santiman an. Menm jan ak sa yon fanm di yon nèg ki di li renmen l.
Rekèy ki rele “Pwomès” la pa nan tèk tèk. Se yon chapo bay yon lang ki gen nan nannan l sous dlo lanmou benyen avan l tounen pawòl. Kreyòl la ouvri fenèt li men lajè pou Pwomès mande lanmou kont. Pou Pwomès pote Move konsèy pou yon jenn ti fi ! Youn nan powèm ki kenbe mwen menm kap ekri mo sila sa yo. Yon powèm mwen prete pou ofri limanite.
Liv la pa gwo men li kont kò l. Pwezi pran libète l mete tout kakachat deyò. Mo yo glise dousman pou touche nanm moun kap li yo. Yon envitasyon pou reflechi sou lanmou. Reflechi ak lavi. Fè deklarasyon nan non la repiblik san konte zetwa l nan syèl. Mo yo jwenn bout yo. Men konbye zòrèy ki tande ? Si m ta kwaze powèt la, mwen ta mande l kòman sa ye ? Mwen pa espere jwenn repons tou paske pwezi granmoun tèt li. Pwezi granmoun powèt la. Pwezi ak lanmou se marasa menm kòd lonbrit.
Emmelie Prophète, yon ekriven ki sonnen fò nan literati peyi a, pa nan kache lonbrit lè lap benyen nan Pwomès. Li di :
« Pwezi pa chèche di laverite, men se nan pwezi ou jwenn verite mo yo. Se pwezi ki konn fè moun tande sa lòt moun ap di nan kè yo. Se nan ‘ Pwomès’ ou tande vwa lanmè, vwa van, vwa latè ki ap di lanmou pa dwe pèdi batay. On fanm pa pwopriyete pèsòn, se yon moun ki ka deside poukont li ki jan pou li renmen, jan pou li gade lavi a, byen lwen karikati relijyon, lasosyete, la fanmi ap goumen chak jou pou kenbe. »
Pwomès nan disèt (17) powèm ki anndan li yo, genyen ki kout, genyen ki long men santiman an pa chanje. Ou santi pinga powèt la rankontre nan chimen tout kalite renmen. Men li kraze wonn nan ak yon lòt fenèt ki louvri sou libète.
Ekriven, powèt, romansye, Lyonel Trouillot fèt Pòtoprens 31 desanb 1956. Li ekri nan lang kreyòl ak nan lang fransè. Li angaje anpil nan sa kap pase nan peyi l. Li pa manke pa pran pozisyon kou sa nesesè pou denonse epi pataje konpreyansyon l. Lyonel Trouillot se youn nan ekriven ayisyen yo konnen plis nan mond la.
Francois Nedje Jacques
Féru de la culture et de littératures fantastiques; Pour Nedje le livre est une porte ouverte sur soi et sur le monde avec des couleurs et des zestes d’espoir. Opérateur culturel, il croit fermement qu’un plus large accès à l’information et à la culture contribuera fortement à l’équilibre de notre monde!