Ekriven renome mondyal ayisyen an Francketienne, siyen dènye powèm li, jedi 20 fevriye 2025 lan, lakay li, Dèlma. Yon nouvèl ki boulvèse sektè kiltirèl ayisyen an.
Ekriven, atis pent, komedyen, powèt, dramatij, Frankétienne te yon atis total kapital ki pote yon kontribisyon remakab nan literati ayisyèn nan, yon jeyan nan basen karayib la.

Anrasinen an Ayiti, Francketienne se youn nan powèt ki pote kouran literè Spiralism la ki louvri jipon l depi ane 60 yo. Kontribisyon l nan patrimwàn atistik ak lengwistik peyi a san parèy. Otè you n nan premye woman ki ekri an kreyòl “Dezafi” en 1975, atis la pa janm manke yon okazyon jiskaske l pran plas li pami zetwal yo pou preche linyon, denonse fason peyi a ap dirije, defann lakilti, preche lapè.
Lire aussi: L’œuvre de Frankétienne, une offre généreuse pour le théâtre haïtien.
Frankétienne ki pote non Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent, te fèt Ravin Sèch (Komin Senmak) 12 avril 1936, li grandi Pòtoprens, spesyalman Bèlè, zòn ekriven an konsidere tankou manman vant li.
Redaksyon LivresHaiti

LivresHaïti est une porte ouverte sur le livre en Haïti. En plus de promouvoir la littérature; Notre équipe s’active à apporter un regard nouveau, objectif et vivant de la réalité littéraire haïtienne. Les publications, les auteurs, les événements… des regards inédits à tous les niveaux de la chaîne de l’industrie du livre.