Loray la tonbe gwo midi.
Larivyè desann nan mitan lannuit.
Li pote sèl.
Li pote souvni.
Li pote rèl.
Lavi laviwonn.
Gade m anwo. Kenbe m anba.
Lavi filalang.
Rèl la pa pete fò non zanmi, nouvèl la sakaje moun pou l sakaje nan kè.
Zantray souke.
Nou gen pitit, nou se papa, nou konn goumen, nou konn renmen, nou konn viv tou.
Nouvèl la pa dous ditou. Li santi kri. Depi nan papòt Fresino desann chemen nèf monte pivè, antre nan site, tounen lasiri pou desann Pòtay Gèp ; Kras pa rete.
Senmak pa t pare pou sa. Zanmi ou yo poko ka dakò jwèt sa a. Se pa yon bal mawon.
Se pa yon kach kach sere liben w ap jwe, se pou tout bon ou pran chimen Pòtoprens epi lespwa kase bajou l anwo karako ble wa chanpwèl.
Ou voye di ou pap tounen. Kilès ki pote mesaj sa a ? ak ki kouraj ? Li po t ko menm lè pou drapo larepiblik tchoule tche l ou okipe tout lespas koze ka rive jwenn moun Senmak.
Mezanmi Sem, non, koze sa a pa ka soti nan gòj mwen. Sa l te genyen ? Depi kilè ? Gade m m a gade w.
Tout foto w pran lari. Genlè se vre. Ou konnen tout koze w pran lari ? ou konnen tout moun jodi a wè koulè efò travay ou ?
Ou konnen yo pale de kichòy ou te konn pale yo.
M p ap pale si dlo je tounen rigòl pou nwaye kè kontan.
Pa p di anyen si se konsa lannuit chwazi fè dap piyanp sou zetwal ki pap janm etenn yo.
M p ap di anyen grannèg. Limyè sou nanm ou.
Francois Nedjé Jacques
Pauvre Sem⚫️⚫️⚫️ Pauvre lui.😢